Declaration of Haiti's
Grassroots Leadership to International Community, Kofi Annan,
Human Rights Groups and Media on Feb. 28, 2005 Massacre of
Haitians at Peaceful Demonstration |
 |
|
Date: Wed,
26 Apr 2006 17:44:59 +0200 (CEST)
Subject: Masak Bèlè (Potoprens)
To: erzilidanto@yahoo.com |
MASAK BELE (POTOPRENS)
28 Fevriye 2005
DEKLARASYOM SEKTE POPILE A
Konstitisyon peyi dayiti nan atik 19 lidi:
(Tout moun gen dwa viv) atik sa a se yon atik ki vi-n
kore atik 6 deklarasyon inivesel dwa moun ki di: (pesonn
pa gen dwa touye moun). Atik sa yo pa gen oken n vale
pou moun ki komet krim sa yo san krint.
Mezanmi jan sa te pase nan jounen 28 fevriye 05 la. Polisye
atoufe , san fwa , ni lwa , debake nan yon manifestasyon
pasifik (Selil Baz Fami Lavalas Bele) te organize en fave
retou fizik presidan Jean Bertrand Aristide pou respe
constitisyon ak vot pep la , nan zon ri descesarts et
ri Dr. Aubry bo legliz Nazareen-an , polisye en nwa ak
cimo te debake kote yo touye plis pase 3 manifestan tankou
:
(Alan Francois , Gary Vil , Stanley Blot , Wilner Jean
Louis) ak plizye lot blese grav san nou pa bliye sa ki
arete e dizparet nan pwizon , tout askyon sa yo pase en
prezans solda l’ONU yo (Minustah) . Polisye yo te
abo yon Jeep Toyota blan , mak Land Cruiser san plak ak
yon Jeep Nissan Patrol rouj grena ki pote plak polis lwes
1-0665 (cimo).
Ki donk moun la lwa mete la pou pwoteje dwa moun se yo
men m ki deside retire la vi tout jen ti boujon sa yo
ki tap fleri Lespwa , nou menm jen nan sekte popile a
, plis pase 1 an apre masak sa a jiska prezan reete enpini
, nan sikonstans sa a nou voye yon appel bay kominote
entenasyonal la ak sekrete jeneral l’ONU an (Mr.
Khofi Anan) ak oganizasyon kap defan dwa moun nasyonal
kou entenasyonal pou louvri yon enket prese – prese
sou moun sa yo ki se ote entelekty krim sa a .
*Leon Charles____________ D.G.P.N.H
*Renan Etienne _______Responsable D.D.O (Direction, Departementale
de l’Ouest)
*Bernard Gousse__________ Minis Jistis
*Mme Jessy C. Coicou ________ Porte – parole PNH
*St Fleur _____________ Commisaire D.G.
|
|
Ezili
Danto Witness Project |
 |
Declaration from Haiti's Grassroots
Leadership on the 28 Fevriye 2005, Masak Bele, Potoprens, Haiti.
|
 |
|
|