ezili_sm_button
writings_sm_button
perform_sm_button
bio_sm_button
workshops_sm_button
contactus_sm_button
guest_bu_button
merchan_bu_button
  ezilidanto@margueritelaurent.com  
BACK
Cruising Into History Changes Course
English and Kreyol

HLLN Note: Yesterday the Haitian Lawyers Leadership forwarded the new Ron Daniel's statement entitled "Cruising Into Haiti Changes Course." Today, particularly for our brothers and sisters in Haiti and around the globe, we are sending out the kreyol translation we commissioned of this very important new statement.

Find it below as well as the original English version for your information. We thank Papa Desalin's son for his dedication to Haiti's liberation and this double quick but excellent translation. Both the English and Kreyol translation are to be - "gaye prese, prese" - immediately and widely distributed by our Network supporters and participants.

Haitian Lawyers Leadership Network
August 12, 2004


Kreyol Translation of Haiti Support Project Statement

*******

11 Out 2004

Pwojè “Cruising into History (CIH)” a chanje direksyon

Gaye Prese Prese

Entwodiksyon ak ti koze alapapòt sou dosye a

Deklarasyon sila a “Pwojè “Cruising into History” a ap chanje direksyon” se
yon dokiman pou reponn kritik lejitim Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas la
ak reprezantan mouvman k ap soutni demokrasi nan peyi D Ayiti a ki panse
vwayaj nou an se yon inisyativ ki t ap anbrase oswa bay gouvènman Meriken met kanpe nan peyi D Ayiti a fòs. Enpresyon sa a soti nan lefèt ke nou te mande
gouvènman k la a pou l respekte divès angajman gouvènman Lavalas la te pran pou te bay pwojè CIH la sipò nan nivo lojistik ak sekirite. Ni anvan 29 Fevriye 2004,
ni apre nou klè li pa t ap posib pou n te rive reyalize kèk nan aktivite n te
prevwa yo san sipò gouvènman k alatèt peyi a. Nou te toujou fè l klè pou tout
moun ke aksepte sipò gouvènman an nan nivo sa yo pa t souzantann yon soutyen bò kote pa nou pou gouvènman an, ni pou yon pati oswa mouvman politik. Kanmenm
apre evennman trajik Fevriye/Mas yo, nou blije kritike tèt nou dèske nou pa t
konsidere tout enplikasyon ki makòmen ak yon kolaborasyon ak Gouvènman defakto
k la jodi a pou yo te mennen nou vizite Sitadèl la ak Palè San Sousi. Se pa t
janm entansyon nou pou nou te mache kòtakòt ak gouvènman k la a oswa pou l
sèvi ak pelerinaj nou an pou l bay tèt li yon bèl figi. Apre bon jan diskisyon ak
Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas la ak kèk nan moun ki nan lidèchip
mouvman demokratik la epi nan lespri inite nan mitan lit la nou deside chanje
direksyon. Ak tout senserite nou swete tout moun ranmase deklarasyon nou an nan
lespri sila a.

Pwojè “Cruising into History” a chanje direksyon

Vizit pou komemore 200 zan Endepandans Peyi D Ayiti

Deklarasyon Ron Daniels, Direktè “Haiti Support Project”

Depi lè pwojè “Cruising into History” a te konsevwa, se pa t yon pwojè ki te
la ni pou fè lajan ni pou mare sosis ak okenn gouvènman. Se te yon inisyativ
kiltirèl, edikasyonèl epi sivik nou te met sou pye pou demontre solidarite nou
epi sipò nou pou mas pèp Ayisyen an. Se pa t janm lide nou pou kokenn
pelerinaj sa a te anbrase, voye monte, oswa kore bannann okenn gouvènman, ni pati oswa mouvman politik. “Haiti Support Project” demele l kou Mèt Jan Jak pou l
mobilize anviwon 500 Ayisyen k ap viv Ozetazini ak Ameriken Nwa ansanm ak lòt
zanmi Ayiti pou yo patisipe ansanm ak nou nan yon kokenn pelerinaj atravè Karayib
la pou n al retire chapo n devan Ayiti ak Pèp Ayisyen an epi pou n goute yon
lòsyè nan pakèt selebrasyon k te gen pou fèt pandan tout lannen 2004 la pou
make bisantnè endepandans premye Repiblik Nwa nan emisfè a.

Nou te toujou konsidere vizit nou ann Ayiti kòm pwen santral epi rezon prensipal pelerinaj la. Jodi a, alavèy vwayaj la, nou vin aprann “gouvèman pwovizwa” Meriken enstale nan peyi D Ayiti apre 29 Fevriye 2004 la, ap fè tout mannigèt pou sèvi ak vizit nou ann Ayiti a pou bay tèt li yon bèl figi. N ap di klèman sa se pa entansyon pa nou. Nou panse li enpòtan pou yon lòt fwa ankò nou fè pozisyon nou klè kou dlo kokoye. “Haiti Support Project” kondane koudeta Meriken manniganse pou voye Prezidan lejitim peyi a Jean-Bertrand Aristide ann ekzil epi pou l enstale yon gouvènman ki ale alankont konstitisyon peyi D Ayiti.

Anplis gen bri k ap kouri ke Gouvènman defakto sa a mete manda deyò pou arete yon lòt nan minis Gouvènman Aristide la ki te jwe yon wòl kle nan demach pou n te jwenn sipò lojistik ak bon jan sekirite ki t apral fè pwojè “Cruising into History” a yon siksè total kapital. Sa gen kèk senmenn Gouvènman defakto a arete Yvon Neptune, Premye Minis Gouvènman Aristide la epi li klè Gouvènman sa k la jodi a ap entimide, arete, epi touye patizan Lavalas nan 4 kwen peyi a. CARICOM, Congressional Black Caucus, ak plizyè òganizasyon entènasyonal k ap defann dwa moun kondane Gouvènman k la pou jan l refize pwoteje patizan Lavalas yo epi pou jan l kontinye ap arete yo epi pèsekite yo. L ap fè tout bagay sa yo pandan l refize kenbe, arete, dezame, epi jije swadizan rebèl yo ki genyen pami yo moun tout moun rekonèt kòm machann dwòg ak asasen. “Haiti Support Project” ap mele vwa pa l ak pakèt lòt inisyativ nan nivo entènasyonal la pou rele ANMWE! kont tout zak sa yo ki se vyolasyon dwa moun.

Pou retire tout dout nan lespri moun ki ta kwè nou anbrase oswa n ap fè zye dou bay Gouvènman defakto a ak zak maspinay l ap komèt yo, nou deside fè tout aktivite pou make 200 zan Lendepandans peyi D Ayiti yo anndan Labadi kote nou p ap bezwen okenn sipò lojistik, sekirite, oswa kout men kèlkonk bò kote rejim ki okipe Palè Nasyonal la. Nou konnen desizyon sila a kapab yon desepsyon pou moun k ap vwayje ak nou yo ki t ap espere vizite Okap, Sitadèl la ak Palè San Sousi men nou espere yo va konprann nou pa ka nan menm selebrasyon ane endepandans sa a fè kichòy ki ka rive minen demokrasi ak mas Pèp Ayisyen an.

******

Forwarded by the Haitian Lawyers Leadership
campaigns_button
different_button
BACK
Ezilidanto | Writings | Performances | Bio | Workshops | Contact Us | Guests | Law | Merchandise
2003 Marguerite Laurent