ezili_sm_button
writings_sm_button
perform_sm_button
bio_sm_button
workshops_sm_button
contactus_sm_button
guest_bu_button
law_sm_button
merchan_bu_button
BACK

Bon Ane 2007 (New Year's message from President Jean Bertrand Aristide
(in Kreyol text and audio)
December , 2006

***********************
Ezili Danto Witness Project
***********************
Mèm Amou
(New Year's message from President Jean Bertrand Aristide

(in Kreyol text and audio)
December , 2007

***********************

What's in a name?

Some names horrify enslavers, tyrants and despots, everywhere...


 
Jean Jacques Dessalines







Three ideals of Dessalines

**************
I Want the Assets of the
Country to be Equitably Divide

********************



Dessalines Is Rising!!
Ayisyen: You Are Not Alone!


 

 

The UN is in instrument of neocolonialism, not liberty and human rights

400 UN soldiers open fire and attack the starving Site Soley community, at least 10 dead, countless civilians wounded, hundreds of residents demand end of the violence and withdrawal of the 8,000-strong UN troops in Haiti


The Black Soul lives: Denounce Dec. 22, 2006 UN slaughter and terror attacks in Site Soley

MINUSTHA bring more turmoil to the People of Site Soley
Interview of Site Soley Youth Activist in Haiti: "We did not kidnap the UN soldier as reported. The UN wants war in order to stay in Haiti, May 22, 2006, Ezili Danto Witness Project (English translation & Kreyol Audio)

*******************
Black Soul by Jean Fernand Bierre
*
**********************



 
 







 


**********************
Ezili Danto Witness Project covers Wyclef in Site Soley

Site Soley united, wants peace. Why is UN attacking Site Soley, and not equally applying DDR. Meanwhile, UN allows gross human rights violators, such as, Guy Phillipe, a DEA suspected and accused drug-traffiker and a known coup d'etat assassin of countless Constitutional government sympathizers, officials, police officers and civilians along with Jean Tatoute, a convicted gang leader, and Louis Jodel Chamblain, formerly second-in-command of the bloody FRAPH paramilitary organization condemned for its role in the murders of thousands of people during the 1991 military coup d'etat against President Aristide, to all roam free and heavily armed in Haiti with no UN sanctions nor are they condemned by any international outcry.


Update on detente and police presence in Site Soley, 10/06
Ezili Danto Witness Project

Top Haitian Police Chief, Michael Lucius, indicted for corruption, kidnappings and other crimes, resigns
*********************



The Dreamthe principlethework of HLLN"...HLLN dreams of a world based on principles, values, mutual respect, equal application of laws, cooperation instead of competition and on peaceful co-existence and acts on it. We put forth these ideas, on behalf of voiceless Haitians, through a unique and unprecedented combination of art and activism, networking, sharing info on radio interviews, our Ezili Danto listserves and by circulating our original "Haitian Perspective" writings. We make presentations at congressional briefings and at international events, such as An Evening of Solidarity with Bolivarian Venezuela.

With the Ezili Danto Witness Project, HLLN documents eyewitness testimonies of the common men and women in Haiti suffering, under this US-installed regime, the greatest forms of terror and exclusion since the days of slavery; conducts learning forums on Haiti (The "To-Tell-The-Truth-About-Haiti" Forums), and , in general, brings the voices against occupation, endless poverty and exclusion in Haiti directly to governments officials, international policymakers, human rights organizations, journalists, the corporate and alternative media, schools and universities, solidarity networks. We are often quoted in major alternative and even the corporate papers and press influencing the current thinking of readers today."
HLLN, November 9, 2005
.

See, The Nescafé machine, Common Sense, John Maxwell Sunday, November 06, 2005 , quoting HLLN's chairperson, Marguerite Laurent, Esq.

**********************************************

Jean Jacques Dessalines, said, "I Want the Assets of the
Country to be Equitably Divided
" and for that he was assassinated.
That was the first coup d'etat, the Haitian holocaust - organized exclusion of the masses, misery, poverty and the impunity of the economic elite - continues (with Feb. 29, 2004 marking the 33rd coup d'etat). Haiti's peoples continue to resist the return of despots, tyrants and enslavers who wage war on the poor majority and Black, contain-them-in poverty through neocolonialism' debts, "free trade" and foreign "investments;" These neocolonial tyrants refuse to allow an equitable division of wealth, excluding the majority in Haiti from sharing in the country's wealth and assets.


Bon Ane 2007

President Jean Betrand Aristide
(Kreyol audio)
*
**********************



Président Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, South Africa
BON ANE 2007 !

Sè m, Frè m,
Se ak kè kontan Minouche avè m salye w
Pandan n ap depoze yon kouwòn rekonesans
Sou memwa Papa Jan Jak Desalin, le Grand.

17 Oktòb la sot fè 200 zan
Depi Papa Desalin tonbe
Pou chak Premye Janvye
Te louvri pòt Yon Bòn Ane
Lakay, sou tè d Ayiti nou an.

Nan lonbray desantyèm anivèsè sa a,
Nou salye memwa tout lòt Ewo nou yo
E nou abranse w fratènèlman
Pou swete w: Bòn Ane 2007 !

Lè ti moun kou gran moun
Gade nan miwa Premye Janvye,
Yo renmen poudre ak plimo bòn ane.
Se ak anpil afeksyon n anbrase
Tout timoun pou swete yo chak :
Yon Bòn Ane espesyal.

Yon lavalas bon souwè ak amou fratènèl
Pou ou ki lakay kòm nan 10e Depatman an ;
Ou menm Pitit Peyizan k ap soufri nan
Tout seksyon kominal kòm nan katye popilè
Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens.

Pèmèt nou di 15.000 mèsi
Pou bèl souwè 15 jiyè 2006 yo.
Bèl woz solidarite nou resevwa yo
Pa janm fannen nan jaden memwa n.
Jan yon pwovèb nan lang Ebre a di :

*#*#*
An bon Kreyòl:
Moun pa dwe manje manje bliye.

Rekonesans ak fidelite sa a,
An verite, se yon istwa damou
Ki egzije delivrans Manman Ayiti.
Yon delivrans ki difisil, trè difisil,
Men yon delivrans ki pa enposib.

Se pou sa menm, fòk dabò gen limyè.
Limyè entèlijans kòm limyè konsyans.
Limyè moral pou l pa fè nwa
Lajounen kou lannwit.

Si l difisil pou lave kay tè,
Li pi difisil toujou pou
Lave kay tè nan blakawout.

Kidonk, vide limyè delivrans sou Ayiti,
Se refize Ayiti kontinye lave kay tè
Nan blakawout koudeta.

Depi premye koudeta 17 oktòb 1806 la,
Konplo trayizon an te egzije pou
Manman Ayiti lave kay tè a
Ak pwòp san Papa Desalin.

Konsekans : 200 zan apre,
Pèp la toujou menote nan
Mizè, grangou, chomay, apatay…

Se pou sa menm nou deklare :
Chak fwa yon gang patripòch
Etenn lanp moral la,
Fòk yon lavalas patriyòt
Relimen l e rechaje l
Ak bon jan gaz konsyans.

An nam e konsyans,
Nou pa ka fè kòm si n pa wè
Kijan konplo trayizon an
Menote Pèp la 2 bra, 2 pye
Nan mizè apatay
Depi dyab te kaporal.

Si premye koudeta kont Papa Desalin nan
Pote premye pri nan krim trayizon,
Dènye koudeta 29 fevriye 2004 la
Chanpyon ni nan krim trayizon,
Ni nan krim kidnapig prezidansyèl.

Jan nou tout konstate,
Depi kidnapig 29 fevriye 2004 la
Fi n limen sigarèt la nan 2 bout,
Maladi kidnapig tounen yon epidemi.
Tout moun soufri. Tout moun jwenn.

Kòm soufrans youn nan nou
Se soufrans nou tout,
Tout patriyòt gen obligasyon moral
Pou konbat e kidnapig e pwazon trayizon
Ki toujou fè inosan peyi pou koupab.
Si anndan pa vann, deyò pa achte.
Mwens trayizon egal mwens soufrans.

Klòch moral sa a sonnen byen fò
Nan Ladesalinyèn ou nan
Im Nasyonal nou an ki di :
“ Dans nos rangs point de traîtres…
Nan mitann pa fèt pou gen trèt…”

Fidelite patriyotik akouche ero.
Pwazon trayizon akouche zewo.

Plis nou kole zòrey nou sou kè Fanmi Lavalas,
Se plis nou tande 5 kout kannon fidelite sa yo :

1. Pèp Ayisyen pa limen lanp demokrasi ak alimèt trayizon.

2. Pèp Ayisyen pa jwe mab eleksyon pou zoklo trayizon.

3. Pèp Ayisyen pa manje manje bliye,
Ale wè pou manje trayizon.
Li fè matla pouvwa pou l pa dòmi atè.

4. Pèp Ayisyen pa janm met linèt trayizon pou anpeche l wè
Bèf ki moulen kann nan se pa li k bwè siwo a.

5. Pèp Ayisyen di : Regle jis pa gate zanmi.
Donk li fennk kare mobilize pasifikman pou :
Retou imedya,
Retou prizonye politk,
Retou viktim nan travay yo,
Retou lapè ak respè pou tout Pitit Peyi a.

Sè m, Frè m,
Chapo ba pou ou ki vle tabli
Lapè ak respè sa a pou
Tout moun san distenksyon !

An 1806, san Desalin te koule
Pou nou tout viv kòm sè ak frè,
Egal ego, nan respè youn pou lòt.
San nou se san Ayiti,
Nou pa ka trayi san nou.

Lè a rive pou ansanm ansanm
Nou ekri yon nouvo chapit fidelite
Nan Istwa d Ayiti nou an.

Kite menòt mizè a tounen bijou
Nan bra Ayiti pandan 200 zan,
Se imoral e inakseptab.

Kite kansè trayizon an
Fè metastaz nan sèvèl wòwòt,
Se imoral e inakseptab.

Direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab
Pou ane 2007 la pa nwaye
Nan blakawout dezespwa.

Wi, direksyon moral sa a
Nesesè e endispansab pou
Debloke Peyi a, bloke mizè a ;
Demare lajistis, mare kriminèl ;
Demonote Ayiti, menote ensekirite a.

Dayè, si pisans moral sa a
Pat toujou gide mas Pèp la,
Sa fè lontan tèt li tap pati
San paspò, san viza,
San tikè, san destinasyon.

Kidonk,
Li tap deja fou nan founo mizè.

Nou tout konnen sak vid pa kanpe.
Si Pèp la kanpe malgre vant li vid,
Se paske tèt li pa vid.

Yon lavalas ochan pou tout Patriyòt sa yo !
Yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt.
Lavalas se « L’ union fait la force ».
Fòs moral Ayiti chita nan
Pèp Ayisyen li menm menm.

Se pou sa, vle pa vle, sote ponpe,
Fòk ane 2007 sa a pote yon demen miyò.
Gen yon lavalas rezèv moral pou sa fèt.
Pèp Ayisyen se rezèv moral Peyi d Ayiti.
Si gen patisipasyon Pèp la nan pouvwa Pèp la,
N ap debouche kanmenm sou delivrans Ayiti.

Ayiti an pann, men
Se li ki pa n.
Pa n se pa n.
Wi, se vre :
Pa n se pa n.
Se ladann pou n
RETOUNEN.

Wè pa wè, n ap wè.
Wè pa wè, n ap wè lakay.
Se va yon bèl fèt lapè
Ak lanmou fratènèl.

Nan menm chalè renmen sa a,
Minouche avè m anbrase nou tout
E redi n nan lang Zansèt yo:

Sizobonana ekhaya !
Sa vle di : Na wè lakay.
Unyaka omucha omuhle !
Sa vle di : BON ANE !

Pretoria, Afrik di Sid
Desanm 2006


***********************
***********************
- (Mp3) If You Want to know what it means to struggle for democracy, look at Ayiti , excerpt of song by Franscisco Hererra, June 2006

Jean Jacques Dessalines, said, "I Want the Assets of the
Country to be Equitably Divided
" and for that he was assassinated.
That was the first coup d'etat, the Haitian holocaust - organized exclusion of the masses, misery, poverty and the impunity of the economic elite - continues (with Feb. 29, 2004 marking the 33rd coup d'etat). Haiti's peoples continue to resist the return of despots, tyrants and enslavers who wage war on the poor majority and Black, contain-them-in poverty through neocolonialism' debts, "free trade" and foreign "investments;" These neocolonial tyrants refuse to allow an equitable division of wealth, excluding the majority in Haiti from sharing in the country's wealth and assets.



_ Dessalines is Rising-
October 17, 2006, the bicentennial of Dessalines' assassination - Join HLLN, throughout the month of October, 2006 in celebrating the life, triumphs, achievements and ideal of Haiti's revolutionary hero and founding father

_ Q and A with Haitian President Rene Preval by Jacqueline Charles, Miami Herald |Oct. 26, 2006
http://www.margueritelaurent.com/pressclips/latortuelegacy.html


***********************
***********************
Ezili Danto Witness Project covers Wyclef in Site Soley

Site Soley united, wants peace. Why is UN attacking Site Soley, and not equally applying DDR. Meanwhile, UN allows gross human rights violators, such as, Guy Phillipe, a DEA suspected and accused drug-traffiker and a known coup d'etat assassin of countless Constitutional government sympathizers, officials, police officers and civilians along with Jean Tatoute, a convicted gang leader, and Louis Jodel Chamblain, formerly second-in-command of the bloody FRAPH paramilitary organization condemned for its role in the murders of thousands of people during the 1991 military coup d'etat against President Aristide, to all roam free and heavily armed in Haiti with no UN sanctions nor are they condemned by any international outcry.


Update on detente and police presence in Site Soley, 10/06
Ezili Danto Witness Project

Top Haitian Police Chief, Michael Lucius, indicted for corruption, kidnappings and other crimes, resigns
***********************

- A Former Finance Minister has been kidnapped in Port-au-Prince,
AHP, Nov. 30, 2006

- MINUSTHA bring more turmoil to the People of Site Soley

Interview of Site Soley Youth Activist in Haiti: "We did not kidnap the UN soldier as reported. The Un wants war in order to stay in Haiti, May 22, 2006, Ezili Danto Witness Project (English translation & Kreyol Audio)


- Both Lame Timanchèt and UN say their job in Haiti is to kill "bandits": The failures of the UN and Haitian Police Chief, Mario Andresol

- UN troops accuse of Child Sexual Abuse in Haiti

- The UN Fails Haiti, Again

_Rape as weapon of war: World cried out for Bosnia, why not Haiti? by Wilma Eugene as told to Lyn Duff
http://www.margueritelaurent.com/pressclips/kokot.html#rapeweapon
*********************************************
*********************************************
Mèm Amou
Bon Ane 2008

President Jean Betrand Aristide
(Kreyol audio)
*
**********************


Mèm Amou

Si Lovenski Pierre Antoine te ka pale, li ta di :
Frè m, poko di m Bòn Ane, tann mwen retounen.
Si Lovenski Pierre Antoine te ka pale, li ta di :
Ane 2007 la ale, li ale nèt, li pap tounen ankò.
Eske sa vle di m prale tankou ane 2007 la ?

Si Lovenski Pierre Antoine te lib pou kouri,
Ala kouri li ta kouri pou retounen vit e prese !
M sèten, li tap gentan rive anvan ane 2008 la.

E lè sa a, tout viktim, paran ak zanmi viktim
Tap fè youn sèl vwa pou nou youn swete lòt :
Bòn Ane 2008 ! Bòn Ane 2008 !
Si Lovenski, Lovenski, Lovenski…

Pandan Bènadèt tap resite ti pwezi sa a nan memwa l,
Li santi yon boul san k ap monte nan gòj li; l anvi toufe.
Li bloke sou dènye si Lovenski a… Tèt li kòmanse vire.
Tout fron l, figi l, tou de pla men l, benyen tranp ak swè.
Ou ta di se mouye pitit la gentan mouye tranp nan lapli.
Sa rive pandan li te Site Solèy, tou pre legliz Imakile a.

Move kout san sa a ak soukous kòlè a tèlman fatige l,
Tèt li kòmanse vire, li tonbe pip, devan baryè legliz la.
Bènadèt endispoze. Li blayi fas ba san konesans atè a.
La pou la, moun vide sou pitit la ki kouche nan lari a.
Sikilasyon bloke. Moun ap kriye, moun ap vide pi rèd.

Malgre yo fè Bènadèt respire alkòl, fwote anba pye l,
Vide dlo sou tèt li, Bènadèt toujou rete san konesans.
Kòm lopital Sent Katrin pat twò lwen legliz Imakile a,
Yo leve l, pote l, kouri dirèk dirèk avè l nan lopital la.

Pou sèten moun ki te la, sanble li fè yon kriz kadyak.
Kèk lòt panse petèt, li dwe soufri maladi malkadi.
Konsa tou genyen ki di sandout se ka fèblès ki fè sa.
Feblès se gwo maladi, wi ! Sitou anba lavi chè sa a !

Gen de feblès, lè li pran pou seche w,
Gade, ya di se lougawou k ap manje w.
Alòske lè w gade byen, vrè lougawou a,
Li la, se manzè feblès la li menm menm.

Lontan depi yon moun ap depafini sou pye,
Yo te konn di se mò yo voye sou moun nan.
Kounye a, se grangou a menm ki tounen mò
Pou souse moun, fò w mèg jis ou tounen taso.
Lè konsa, si w pa jwenn yon zanmi pou kore w,
Ou ka tonbe tou long menm janm ak pitit sa a.

Mezanmi, gade jan Bènadèt blayi atè a !
Li gen 20 tan, men Bènadèt sanble ak
Yon demwazèl ki pote laj li anba pye l.

Ane sa a, l ap fè filo nan lise Tousen Louvèti.
Souvan li sot Site Solèy al jis nan lise a apye.
Depi 12 out 2007, li pèdi ni woulib machin,
Ni bon jan konsèy Lovenski te abitye ba li.
Tankou yon gran frè, Lovenski te konn ede l
Met tèt ansanm ak anpil lòt elèv lise Tousen.
Se konsa, apre gwo refleksyon, yo rive fòme
Yon Oganizasyon djanm ki rele Mèm Amou.

Tousen Louvèti te renmen Pèp Ayisyen anpil.
Malgre trayizon 1802 a, Tousen Louvèti te rive
Manifeste Mèm Amou an anndedan prizon an.
Bon tan, move tan, se te toujou Mèm Amou !
Kote lespri Tousen Louvèti a ap manisfeste,
Bon tan, move tan, fòk se toujou Mèm Amou !

Konsa, kou nouvèl endispozyon sa a gaye nan Site a,
Brid sou kou, kanmarad yo plonje dirèk nan lopital la.
Emosyon. Kè sote. Tèt chaje. Pwoblèm sou pwoblèm.
Anpil doulè pou fini yon ane ki te tchak pase tshaka !
Anpil sispenn pou kòmanse yon ane tou nouvo, tou nèf !

Anba yon flanm solèy midi ki cho pase dife,
Yon delegasyon Oganizasyon Mèm Amou
Debake lopital la prese prese e nan mitan yo
Genyen yon gran frè ak yon gran sè Bènadèt.
Se pa ti boulvèse yo boulvèse ! Sè a rele Jina.
Se li menm ki jwe wòl poto mitan nan kay la
Paske papa yo mouri e manman yo aletranje.

Jina tap etidye medsin men li kanpe depi lontan.
Li menm tou, li se yon bon bon zanmi Lovenski.
Depi 12 Out, l ap monte desann chèche l toupatou.
Anplis tèt chaje sa a, li gen yon lòt gwo pwòblèm :
Rèv Jina se vin yon bon doktè pou ede Site Solèy.
Malerezman, li poko janm ka retounen lekòl akoz
Kidnapig presidansyèl ki te fèt 29 Fevriye 2004 la.

Jou sa a, nouvo kolon yo te sezi Inivèsite Taba a,
Transfòme l an kazèn pou kraze brize inosan.
Jiskaprezan, Inivèsite a toujou kontinye ap senyen
Anba ni krim koudeta a ni kout ponya trayizon.

Kòm Jina se yon demzwazèl ki toujou djanm,
Li pa kite dekourajnman pote l ale. Okontrè !
Batri moral li chaje ni pou li, ni pou zanmi l.

Nan lopital la, jou sa a, yo tonbe sou yon bon mis.
Yon mis ki renmen moun Site Solèy anpil anpil.
Li rele mis Dada ; se li ki te resevwa Bènadèt.
Mis Dada bay garanti malad la pa andanje de mò.
Sepandan, li toujou andòmi, kagou; li nan sewòm.

Avèk anpil emosyon nan vwa l, Jina, gran sè a, di li :
Mis Dada, sil vou plè, pèmèt nou wè l, tanpri tanpri !
Tankou yon bon manman, mis Dada di : Ok ! Men…
Nou tout pap ka rantre yon sèl kou non ! Pasyans…..

Ekzakteman nan moman mis la ap rantre
Nan sal ijans la ak Jina, bal fizi, ak rouzi
Kòmanse chante tou pre, tou pre lopital la.
Moun pantan men pèson pa kouri paske
Depi 2004, plizyè miray lopital Sent Katrin
Te chaje ak twou bal, gwo kalib kòm piti…

An jeneral, lè cha blende sèkle Site a
Tankou yon gwo kan konsantrasyon,
Ti bebe kòm gran moun inosan konn
Mouri anba bal anndan pwòp kay yo.

Zotobre gwo chabrak fè antere anpil inosan,
Men yo pa ka fè antere verite a pou tout tan.
Apre disparisyon 6 milyon Jwif akoz Hitler,
Jodia Ayiti ap peye pou sa l pa fè, akoz Lisifè.

Bon, ou wè ! Koute ! Men sa m ap di a !
Koute kijan menm nan finisman ane a,
Zam fann fwa pa sispann chante libera
Nan zòrèy malad, enfimyè kòm doktè.

Vè de zè aprè midi, gen yon konken rafal katouch
Gwo kalib zam fann fwa ki tèlman souke lopital la
Tankou yon siklòn, soukous la tou reveye Bènadèt.
Ouf ! Soulajman ! Bènadèt vivan ! Rafal la reveye l.
Donk, yon mal pou ou byen. Zyel louvri gras a Dye !

Pandan gran sè a ap karese li, mande l kijan li santi l,
Ti zye Bènadèt rekòmanse fèmen dousman, dousman
San l pa janm reyisi di yon mo konsolasyon ak pèson.
Touswit, doktè Love ki se yon espesyalis, vi n parèt.
Ak anpil koutwazi, li envite mis Dada akonpaye jèn yo
Nan yon bèl sal ki tou pre biwo li a paske deyò a myèl.

Apre dòk la fin konsilte Bènadèt, li mande pale ak yon paran.
Gran sè a, Jina, evidamman prezante l pou pale ak doktè a.

Oui ! Bienvenue, mademoiselle ! Ça va beaucoup mieux !
Je vois bien qu’elle n’est pas votre fille. Alors, dites-moi !

Oui, docteur, vous avez bien raison, elle est ma p’te sœur.

Brip! Yon lòt gwo rafal bal rekòmanse chante libera!
Dòk la move. Se yon etranje. Li vin wouj kou tomat.
Si w pike l, ou pap jwenn yon gout san. Li di tou ba :
Quel concert pour ceux qui ne réclament que Justice!
Et vous, mademoiselle, sans doute, vous avez peur ?

Non, docteur, j’ai plutôt peur pour ma sœur.
Non, mademoiselle, rassurez-vous, ça ira bien.
Il s’agit simplement de cultiver la patience.
Vos parents, où sont-ils ? Puis-je leur parler ?

Malheureusement, docteur, ils ne pourront pas venir :
Papa est mort, hélas, et notre maman est à l’étranger.
S’il y a des médicaments à acheter, je suis prête……

Non, mademoiselle, il ne faut pas sortir maintenant.
Heureusement, nous avons le nécessaire à l’hôpital.
Pour le moment, votre sœur a surtout besoin de repos.
Pour nous, ‘‘ Optimum medicamentum quies est.’’
C'est-à-dire, ‘‘ Le meilleur médicament est le repos.’’
Ça peut durer plusieurs heures, vous comprenez ?
Entre temps, vous pouvez rejoindre vos amis, à côté,
Et au moment opportun, je vous ferai signe, d’accord ?

Oui, docteur !

Jina annik kite biwo doktè a, zam marye pi rèd deyò a.
Kanta pou kaotchou kap boule, se toupatou nan Site a.
Ata sant gaz lakrimojèn rive fofile jis anba nen lopital la.
Deyò a an denmon: anwo pa monte, anba pa dessann.
Doktè, enfimyè, malad kòm paran bloke la nan lopital la.

Ane 2007 la ap di babay, men nan Site a,
Nan katye popilè kòm nan tout pwovens,
Pa gen gwo fèt ki fèt pou di Bòn Fèt.
Se nòmal paske pandan ane 2007 la ap fini,
Malere yo menm ap depafini anba malfini.

Lontan sou Gouvènman Lavalas,
Avan kidnapig 29 fevriye 2004 la,
Chen janbe te koute 3 ou 4 dola.
Kounye a, chen janbe 4 fwa pi chè.

Avan kidnapig 29 fevriye 2004 la,
Pèsonn pat bezwen gwo 15 goud
Pou achte sèlman yon ti bann apye.
Kounye a, se 2 men nan machwè !

Menm pou achte yon ti pate kòde,
Trip malere ak malèrèz sanlè kòde
Si l pa kapab peye ant 9 a 10 goud.

Lè w fin manje, se nòmal pou ou swaf !
Ebyen, ou oblije degaje w jwenn 4 dola
Pou ou ka reyisi bwè yon gran manjè.

Depi izin siman d Ayiti ak minotri fin
Konvèti nan relijyon privatizasyon an,
Pri siman ak farin ap file monte, monte
Monte pou depase tèt katedral pòtoprens.

Si moun serye nan vrè sektè prive Ayisyen an
Pa met ansanm ak moun ki serye anndan Leta a
Pou fè bon patenarya san koripsyon, san magouy,
Siklòn lavichè a fenk kòmanse miltipliye viktim.
Donk, pap gen ni lapè nan tèt ni lapè nan vant.

Dayè kijan pou Pèp Ayisyen gen lapè nan tèt
Lè zam fann fwa sa yo ap gwonde san rete
Nan zòrey kretyen vivan? In ! Koute ! Koute!

Pandan Site Solèy ap tranble anba kout zam,
Doktè a resevwa yon kout fil ki di l pa bouje,
Lè sitiyasyon an kalme, sekirite a pase chèche l.

Mezanmi, nou pa bezyen mande jan dòk la kontrarye !
Erezman, nan moman sa yo, li renmen pwofite fè lekti.
Depi kèk semèn, dòk la gen sou biwo l yon bon bon liv
Ki fenk parèt sou Ayiti, sou kidnapig 29 fevriye 2004 la.
Anpatan, tit kokenn liv sa a limen yon gwo limyè sou
Ayiti ki toujou nan koma e sou kidnapig yon Prezidan.

Moun ki ekri liv sa a rele Randall Robinson.
Se yon Ameriken, yon potorik gason ki save,
E ki fò anpil nan ekri liv pou defann dwa moun.
Lè l kòmanse simaye verite a, li pa pè pèpap.
Li deja ekri plizyè lòt gwo liv k ap klere je moun.
Kanta pou denyè liv sa a ki fenk parèt sou Ayiti a,
Se sa nèt ! Toupatou, se chapo ba ! Onè Respè !

Se pou sa menm, dòk la toujou gen liv la avè l.
Malgre li fache paske li poko ka deplase,
Kou l rekomanse li liv Randall la, gade non,
M sye jyenn ni sewòm, ni vitamin gratis ti cheri.

Tèmomèt moral dòk la tèlman monte wo, wo,
Li ranje blouz blanch li sou do l chèlbèreman,
Li ranje kokenn liv li anba bra l bwòdèreman,
E li di : Bon ! M anfòm ! M konn sa m pra l fè !
Ban m pwofite fwote kèk lide ak jèn Site Solèy !
Wi, ban m pwofite fè yon bon jan koze ak jèn yo.
Ya ede m konpare analiz pa yo ak sa k nan liv la !

Menm kote a, li di mis Dada : vide frijidè a,
Pote yon bon kolasyon pou Jina ak lòt jèn yo.
Nou pral eseye fè radyografi sitiyasyon an.
E, touswit, li travèse nan sal kote Jina ye a.
Li debake rilakseman e kreyòleman palan.

Bonswa ! Bonswa ! Kouman nou ye !
M sipoze nou dwe bouke, sa w di Jina ?

Wi, dòk, se vre, men nou sitou enkyè pou malad la.

Wi, wi , m konprann nou. Se nòmal pou n enkyè.
Erezman, m ka di nou malad la evolye trè trè byen.
Sèl sa l bezwen pou kounye a se repo ak sewòm.
Si te gen yon konplikasyon, wi, m tap deja konn sa.
Antretan, kòm ni li menm, ni nou, ni nmwen menm,
Nou youn pa ka fè won pòt, n oblije pran pasyans.

E, deplis, m ta byen renmen nou ede m konprann
Sitiyasyon sa a anndan Site Solèy jounen jodi a.
Natirèlman, si sa pa deranje n ! Petèt sa ka difisil !
M espere nou pap gen pwoblèm ede m konprann
Sitiyasyon makawon sa a ki sanble kaye toupatou.
Jina, ou menm kijan w wè Site a ? Sa w di nan sa ?

Dòk, alaverite, jodia, se premye jou nou pale fasafas,
Men trè souvan, bò isit la, n abitye pale de ou aklè.
Nou pa ka di nou konnen w byen, men pèsonèlman,
M pa sezi ni pou bèl akèy la, ni pou kesyon w poze a.
Jan m di w, n ap swiv ou e n ap obsève w depi lontan.

Pèmèt mwen prezante w jèn jan ou wè la a :
Se frè m Wilne, alyas Ti Wil pou Site Solèy.
Menm jan avè m, Ti Wil se manm fondatè
Yon Oganizasyon djanm ki rele Mèm Amou.
Oganizasyon Mèm Amou nan tout Peyi a,
Men se isit la nou te chwazi koupe lonbrik li
Nan non Jeni an, kidonk Tousen Louvèti e
Jou sa a Lovenski Pierre Antoine te la avè n.

Oganizasyon Mèm Amou pap dòmi.
Nou toujou ap reflechi sou avni Ayiti.
Sakrifis Tousen Louvèti fè pou Ayiti
Montre nou kijan wout amou sensè a
Toujou debouche sou yon gwo viktwa.

Nou jwenn filozofi sa a tou nan
Yon bèl ti pwovèb laten ki di:
Omnia vincit amor ; sa vle di
L'amour triomphe de tout.
Lanmou toujou fè 2 kabès.
Lanmou toujou ap kente.
Lanmou toujou soti loreya.
Lanmou toujou chanpyon.

Pandan n ap pale la a, kounye a menm,
Plizyè manm Oganizasyon an ap obsève,
Analize, veye sou tout katye bò lakay yo.
E si deyò a pat myèl, t ap gen plis jèn la a,
E yo t ap vrèman kontan pou dyaloge avè w.
Ann tounen sou kesyon sitiyason malouk sa a.

Dòk, pou nou menm, tout sa k ap fèt la a
Se vye rezilta gwo gwo konplo 2004 la.
Jou fèy tonbe nan dlo, se pa jou a li pouri.
Kidnapig lan fèt jou 29 Fevriye 2004 la,
Men konsekans yo ap parèt chak jou pi klè.
Si Peyi a pa fè 50 ane an naryè, se chans!

Dènye kou Pèp la pran an, se kout ponya trayizon
Ki plante nan do l depi dènye seleksyon 2006 yo.
Pèp la sibi operasyon sou operasyon san anestezi.
Operasyon Retou imedya a, se manman kesyon an.
Donk, ponya trayizon sa a pike Pèp la jis nan kè l.

Plan an se demantibile Pèp la, dekouraje l, elimine l.
Nan vide manti, yo fè inosan toujou pase pou koupab.
E deplizanpli, yo pra l kontinye dyabolize viktim yo
Pandan yap bay koupab yo kominyon san konfesyon.

Menm si viktim yo ap mande jistis, jistis, jistis, se rèv.
Plis pase 10.000 inosan deja tonbe, san nou pa konte
Moun ki disparèt sou fòm kidnapig tankou Lovenski.
Prizonye politik ki Lavalas toujou ap pouri nan prizon.
Pèsekisyon politik kont Lavalas ap fèt o non demokrasi.
Tout bouwo ki fè krim koudeta ap byen mennen libelibè.
Men viktim yo anba pèsekisyon paske yo pa trayi Pèp la.

Jou apre jou, mizè a ap malmennen viktim yo pi plis.
Gade kijan dife grangou a vin pi pi wouj nan lanfè a !
Kote 184 paradi terès ki tap vann 2 pou 5 nan Peyi a?
Si lè sa a n te kite yo andòmi konsyans nou ak manti,
Jodi a, remò ak kòlè ta deja toufe nou tout bò isit la.

Nou konprann jwèt makyavelik la e se pou sa nou di :
Rat manje kann nan, men domaj, zandolit mouri inosan.
Gade jan pitit Pèp la kontinye ap sibi anba gwo vyolans
Zam lagè malgre bonm lanmò yo te deja lage sou Site a!

Dòk, ou kwè ou realize jan prejije
Fè kèk moun rayi Pèp Ayisyen an ?
Yo rayi Pèp la jis tèt yo anvi pati !
Yo rayi Pèp la jis lòlòy yo vire !
A ! Se pa ti vire, vire an jwèt non !
Se bon vire a, vire pou chavire a !
Yo fin fou pou elimine Pèp la nèt.

Malgre gen moun ki mòde ni pous yo, ni bra, ni koud,
Gen lòt ki fè kòm si yo pa wè ke yo te fè yon erè grav.
Jiskaprezan, ti ekip zwit sa a ta ka peye lò ak dyaman
Pou cha blende disparèt Site Solèy ak tout katye popilè :
Donk, mas pèp la menm ke yo pa konsidere kòm moun.

Poutan, Pèp la tèlman bon li tounen bonbon.
Entèlijans li fè l respekte dwa tout moun,
Pòv kou rich paske tout moun se moun.
Nan jaden lespri l, li pa vide angrè prejije.

Afè maladi prejije sa a anpeche moun realize
Kijan kolon renmen kache dèyè esklav mantal
Pou mare chenn lesklavaj nan pye nèg ak nègès.
Plezi kolon an se itilize esklav mantal kòrekteman
E fè l tounen rat kay kap manje pay kay. Egzanp :

An 1939, nan peyi Nijerya ki an Afrik,
Se te sèlman 1315 kolon blan Angle
Ki t ap domine 20 milyon Nijeryen.
Nan Kongo Bèlj, sèlman 2384 kolon blan
T ap domine 9 milyon 400 mil Afriken.
Nan Lwès Afrik, sèlman 3660 kolon franse
T ap domine 15 milyon Esklav Afriken.

Donk, yon ti ponyen kolon blan te ka domine
Yon majorite natif natal nan peyi Afrik sa yo
Paske kolon yo te toujou monte gwo konplo
Ak gwo tonton rat kay pou manje pay kay.

Bò isit tou, anvan n rive nan premye janvye 1804,
Sitiyasyon Peyi d Ayiti pat twò diferan. Gade byen!
Te gen sèlman 40 mil kolon franse ki tap domine
500 mil Esklav plis 30 mil milat imilye, meprize.

Kòm Tousen Louvèti se te yon Jeni san parèy,
Li reziste djanm kont ni kolon ni esklav mantal
Pou kòd lonbrik li te ret mare ak mas Esklav yo.

Ki kalkil Tousen Louvèti te fè kòm nèg entèlijan?
Li di se pa nòmal pou kite sèlman 40 mil kolon
Ap sakrifye, sasinen 530 mil kretyen vivan. Non !
Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force.

Dènye fraz sa a tèlman mache nan san dòk la, ayayay,
Msye leve kanpe brip, li di : Jina, tann, tanpri, repete !
Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force.
Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force.

Mezanmi, dòk la kontan, li souri, li rejwi, li transfòme !
Ou ta di se lwa Tousen an menm k anvi monte msye.
Sètadi, menm lespri entèlijans, lespri bon konprann
Ki te konn danse nan tèt Tousen yo anvayi sèvo dòk la.
Ak 2 men l nan 2 pòch li, doktè Love kontinye repete :
Sekrè viktwa a se Lavalas, kidonk L’Union fait la force.

Menm kote a, Jina souri tankou moun k anvi dedouble.
Ti Wil, frè a, kapte kouran an toptop; li mande lapawòl.
Men, Jina ezite kite l pale paske Ti Wil se yon gwo blagè.
Depi msye estat, li louvri bouch li, fòk moun ri kanmenm.

A a ! A ! Ti Wil pa ka kenbe ankò, li di :
Sistè, eskize m ! M pat sou pale paske
M konnen se nan yon lopital nou ye la a.

Ou wè, dòk, lè m pa sou sa,
M gen dwa prann pòz m bèbè,
M antre la a bèbè, m soti bèbè,
San m pa mete ni zip, ni tep
Ni adezif sou po bouch mwen.
Men, m sot tande yon son la a
Ki estat motè a san m pa chofe l.

Depi m ti katkat m renmen ri e m renmen fè moun ri.
Dabò se kote ki gen chagren menm, m renmen bay blag.
Daprè sondaj pa m, dòk, si m pat vide blag nan Site a,
Ou t ap chaje ak malad ki bouke tande rafal bal sa yo.

Gen kriminèl ki fò nan chire zòrey ak kout kanno lagè.
Mwen m diplome nan grese zorèy ak plim poul blagoloji.
Blag pa m yo espesyal paske tout se ti blag dezyèm men.
M ranje, m korije, met sik, siwo, bon jan ti epis, sof piman.

Pa egzanp, talè a, lè sistè a pale
De entèlijans Tousen Louvèti,
Sa raple m entèlijans yon ansyen
Poutchis ke m renmen a mò ò ò.

An 2004, te gen yon pwofesè poutchis
Ki te pi cho pase leve danse nan fè konplo.
Tout elèv te rele l p.p kidonk pwòf poutchis.

Mwa pase a, msye bay Lavalas rezon.
Pwofesè a di ni elèv li yo, ni zanmi l ke:
Sitiyasyon malouk sa a louvri je l anpil,
Se kounye a li wè ki mal li te fè Peyi a.

Bagay sa a tèlman domine l, boulvèse l, trakase l,
Pwofesè a oblije chwazi bay tèt li yon penitans.
Kòm li te renmen bwè kleren anpil anpil, li di
Dezòmè, olye li bwè kleren, l ap bwè limonad.
Selman limonad. Menm sant kleren an pa ladan l.

Elèv yo aplodi pwofesè a lavalaseman,
Men, gen twa vagabon nan klas la
Ki di ok : olye n rele pwòf la poutchis,
Ann rele l Limonad, sèlman Limonad.

Sa w tande a, pandan gwo aplodisman ap bouyi,
Trio vakabon an tonbe rele Limonad, Limonad…
Tout klas la fache kont ti ekip ka p rele limonad la.
Yo di : Non mesye, se pa serye sa ; manyè reflechi !

Gras a limyè entèlijans pwòfesè nou an,
Nou gen la a yon bèl egzanp pou Peyi a.
Lè bouki fin fè erè, li bonbe lestomak li
E li pèsiste anfonse de je fèmen nan erè a.

Lè malis fè erè, entèlijans li fè l reflechi pou di :
Errare humanum est, sed perseverare diabolicum.
Sa vle di, nenpòt ki moun kapab fè yon erè.
Men, pèsistans nan erè a se yon bagay diabolik.

E, se demonstrasyon entèlijans sa a menm
Nou jwenn nan konpòtman pwofesè nou an.
Bravo pou li ! Aplodi ! Aplodisman pou li !
Twa ti msye anbetan yo kalma, e yo aplodi
San yo pa kontinye rele pwofesè a Limonad.

Sepandan, klòch la annik sonnen beng beng pou lekòl lage,
Youn nan twa ti mesye anbetan yo di byen fò : sitwon !
Gen yon dezyèm ki di : sik ! Twazèm nan di byen fò : dlo !
E Pwofese a kale je l sou yo, li di: A a ! M pini nou brase l.
Nou ka di sitwon, sik, dlo men kanta pou brase l la, bliye sa !
Babay ! Babay ! A demen ! Aplodisman bouyi, djayi pi rèd !

Kou Ti Wil fi n pouse ti blag dezyèm men sa a,
Li di: Dòk, men yon gwo gwo leson m jwenn
Nan repons pwofesè a bay twa ti mesye yo.
Pou mwen, sa a se yon gwo leson entèlijans
Ki ploge nan yon leson moral! Men sa m wè :

Moun ki kriminèl pa ka brase yon ti limonad espwa
Ale wè, ale wè pou yon bon jan soup demokrasi.

Yo fann Ayiti tankou joumou pou fè soup.
Malgre tout kadav inosan yo deja lage
Kòm vyan nan mòd soup demokrasi a,
Malgre se pwòp san Pèp Ayisyen an menm
Mechan yo chwazi kòm dlo pou fè soup sa a,
Li enposib pou yo brase l kòm solisyon an.
Demokrasi pa mache ak kalite vyolans sa yo.

Sa Site Solèy ak Pèp Ayisyen an egzije,
Se lapè, travay, jistis, respè ak sekirite
Pou tout tout moun san distenksyon.

Sa w di nan sa, dòk ?

Monchè Ti Wil, ou pale dò ò ò.
Jan ou di a, si gen lapè, travay,
Respè ak sekirite, nou bon nèt.

An natandan, nou vanse rive sou janvye.
Sitiyasyon an toujou ret malouk malouk.
Ki sans nou wè premye janvye 2008 sa a
Gen pou nou menm jenès Peyi d Ayiti a ?
Ki sa ou menm Jina, ou wè bò kote pa w ?

Dòk, pou nou menm, premye janvye 2008 sa a
Pa gen ankenn sans si nou pa ploge l dirèk dirèk
Nan tèt sous la ki se Premye Janvye 1804 la.
Se sèl isit la, isit sou tè d Ayiti, Esklav yo te rive
Kale kolon blan yo pwòp, nan kase chenn nan pou
Deklare : dezòmè nou tout lib, nou pa esklav ankò.

Nan ki lòt peyi omond, Esklav te rive fè sa ?
Pa gen lòt. Leson sa a, se sèl Ayiti ki trase l.
Tout moun sivilize oblije respekte nou pou sa.
Eritaj sa a, se yon trezò istorik pou n konsève.

Lè swadizan yon save nan zafè maladi sida
Retounen lage vye akizasyon san fondman
Sou do tout Ayisyen, sa montre nou kijan
Moun ki pa sivilize vle sal ni Pèp Ayisyen,
Ni Ayiti, ni Istwa d Ayiti, ni avni Peyi d Ayiti.

Tout moun sou latè beni swaf diyite menm jan
Ayisyen nan 10e nan swaf doub nasyonalite a.
Se nòmal, se lejitim e anpil sakrifis deja fèt
Pou drapo doub nationalite a flote nan diyite.

Konsa tou, Pèp Ayisen an deja fè anpil sakrifis
Pou retire Peyi a nan kalite twou san fon sa a.
Nou tout natif natal, nou gen responsabilite pa n.
Nou responsab men se pa nou sèl ki responsab.
An natandan nou rive nan reparasyon ak restitisyon,
Nou deja gen yon richès istorik ki dwe fè Lonè Respè
Tout Pitit tè d Ayiti ak tout Pitit Pitit Manman Lafrik.

Moun save ak moun sivilize respekte verite sa a
Paske se sèl listwa d Ayiti ki pèmèt lemonn antye
Wè kijan pisans diyite a te akouche libète depi 1804.

Se la a, nan tèt sous sa a pou n al chèche
Ni sans ni esans premye janvye 2008 la.
Jan n abitye chante nan Im Nasyonal la :
Viktwa sa a, se pa kado blan te fè nou,
Se san Zanzèt nou yo ki te koule pou li.

Natrirèlman, lè zotobre pa ka manje yon manje,
Yo fè mannigans sou mannigans pou rive gate l.
Gad kijan yo pann ansyen koloni yo nan kòd dèt la !

Jisteman, sou kesyon lajan Ayiti dwe bank etranje yo,
Tom Ricker bay kèk bon jan presizyon pou n wè pi klè.

1. Preske mwatye lajan Ayiti dwe bank etranje,
Se lajan ki te prete anvan eleksyon 1990 yo.
2. Nan lane 1991, Bank Mondyal te dakò
Pou prete Ayiti 37 milyon dola men,
Se sèlman 6 jou anvan koudeta 1991 la,
Bank la dekese 30 nan 37 milyon sa a.

Moun k ap reflechi oblije mande pouki sa
Se sèlman 6 grenn jou anvan koudeta a,
Bank Mondyal te deside dekese kòb la?
Kòm lè sa a, Gouvènman Lavalas la
Ta pral depanse kòb la nan enterè Pèp la,
Bank lan kenbe l pou l bay poutchis yo
Kraze ni Pèp la, ni lajan an ak asosye yo.

Demenm, nou byen konprann pouki sa
Bank Mondyal te prete gouvènman
Jan Klod Divalye a, koute byen wi,
256 milyon plis yon lòt 158 milyon
Ki te al jwenn gouvènman militè ke
Nouvo kolon yo te mete apati ane 1986.

3. Ann gade kijan yon lòt bank etranje
yo rele BID boule ak Peyi d Ayiti.

Apre eleksyon 16 desanm 1990 yo,
BID te dakò pou prete Peyi d Ayiti
Sèlman 12 milyon dola ameriken.
Men , se menm BID sa a ki te prete
Gouvènman militè yo 110 milyon
Anvan eleksyon 16 desanm 90 yo;
Plis yon lòt 55 milyon dola meriken
Pandan sèl grenn ane 1990 la menm.

Rezon an trè klè: yo pito an nafè ak
Gouvènman restavèk kap peze souse.
Donk, bèl pawòl blòf se pou Pèp la ;
E gwo mago lajan se pou volè piyajè.

4. Men yon dènye egzanp:
Nan mwa novanm 2003, BID te dakò
Pou prete Ayiti 200 milyon dola men,
An realite manman kòb la rive sèlman
Apre kidnaping 29 Fevriye 2004 la.

Rezon an trè klè: Lè se moun serye
K ap fè depanse kòb la pou Pèp la,
Bank etranje sa yo kenbe lajan an.
Lè se volè ki pral dechèpiye kòb la
Ak tout asosye yo, pa gen pwòblèm.

An bon kreyòl, chodyè a monte sou do Pèp,
Li desann sou do gwo gwo konplo koripsyon.

E moun ki renmen pale lang Ebre a ta ajoute :

. ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ? ?
Sa vle di : Ou pa bay chat veye mantèg.

Verite sa yo pike Ti Wil jis nan fon kè l.
Li manje dan sou plas. Tout kò l grate l.
Olye pou Ti Wil kite kòlè a toufe l, li di :
Dòk, zotobre yo mechan, men yo fò nan
Peze souse pou fè tòtòt ak malere, papa!

Lè w ap kritike marengwen, ou oblije admèt
Marengwen manyen vyolon l san repwòch.
Mòd entèlijans zotobre sa yo fè mwen sonje
Yon lòt ti blag, wi yon lòt ti blag dezyèm men .

Ou sonje pwofesè ki antèlijan anpil la… ?
M vle di pwofèsè k damou pou Lavalas la !
Bon, msye te genyen yon bon bon zanmi
Ki kounye a fache avèk li, poutèt Lavalas.

Alaverite, sa pa twò twò deranje pwofesè a
Ki kontan jwenn plis tan pou ede miltipliye
Ti Fanmi Lavalas atravè tout rakwen Peyi a.

E, men nan men ak Komite ki Responsab la,
Pwòf la di : Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.
Pasifikman ! Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.
Se sa Tousen Louvèti ta di nou e Pòt Pawòl la
Te presize: Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.

Woy ! Se pawòl sa a menm ansyen zanmi an
Te sèmante pou l pat janm tande nan zòrèy li.
Sepandan, avan kòm apre fineray zanmitay la,
Pwòf la di : Fòk Fanmi Lavalas toujou loreya
Nan mobilize Pèp la pou defann enterè Pèp la.

Ansyen zanmi sa a ki kounye a fache ak pwòf la,
Se yon demon-krat patripòch ke yo rele Barabas.
Tande ak wè se de. Barabas sa a se malè pandye.

Ou ta di se kouzen jèmen ak lòt Barabas kolon romen yo
Te libere pandan yon gwoup esklav mantal t ap plede rele :
Lage Barabas, krisifye Jezu. Lage Barabas, krisifye Jezu !

Pandan lane 2000, 2001, 2002, Barabas te pote labanyè
Nan rasanble vakabon pou monte gwo konplo 2004 la.
Lè sa a, dola vèt, lajan dwòg, lajan sal, lajan koripsyon,
Lajan chango tap distribiye tribò pabò, anvetu, anvwala
Pou gaye manti sou manti, anndan lakay kòm aletranje.
Barabas pat fou men li te fin fou pou chavire Peyi a nèt.

Jan cheche, jan trouve, Peyi a chavire sou do.
Domaj ! Tout moun soufri. Tout moun jwenn.

Konsa tou, nou soulaje wè kijan moun entèlijan
Eseye reflechi, pran konsyans pou demen pi bèl.
Kalvè san parèy sa a oblije tout moun konprann
Sèl solisyon ki rete a, se pòt dyalòg la, kidonk
Menm pòt dyalòg ki te toujou louvri de batan,
Lajounen kou lannwit avan kidnaping 2004 la.

Verite sa a devan grenn je Barabas, men li pa wè.
Ni li ni asosye l yo bay latinis yo rezon pou di :
‘‘Oculos habent et non videbunt.’’
Sa vle di : Yo gen je men yo pa wè.

Anvan kòm apre ane 2004, Barabas tèlman fin fou
Pou chavire Peyi a tèt anba, msye di : Pòt pou pòt,
M pito pòt lopital moun fou pase pòt dyalòg sa a.
Donk, Barabas al entène tèt li nan lopital moun fou.

Avan yè la a, psikyat an chèf la reyini tout moun fou
Arebò yon pisin ki vid pou wè konbyen nan yo ki geri.
Psikyat la di, nou wè, gade byen, pisin sa a pa gen dlo,
Tout moun ki vle benyen ladann, met kostim deben w,
Antre, naje, benyen, amize w, fè laplanch kalmeman…

O ! O ! sa w tande a,
Tout moun te gen tan
An kostim de ben,
Sof mesye Barabas.
Tout moun antre, naje,
Benyen, amize, samize.
Sof mesye Barabas.

Psikyat la gade, li gade byen, li souke tèt li, li di :
Kou ou baba! Omwen, m sove youn. Barabas geri.
Psikyat la mache sou Barabas, li ba l lanmen, e di l:
Bravo ! Bravo ! Jodia menm, m pra l ba w ekzeyat
Paske se ou sèl ki te wè pisin nan vid. Felisitasyon !
Se ou sèl ki konnen moun pa benyen nan pisin vid !

Eeee ! Barabas fache ! Li move ! Li di Psikyat la :
Gade w koze ! Rete, rete ! Pouki ou pran m la a ?
Ou gen lè pran m pou you moun fou tout bon ?
Dòk, kite m di w : Si m te fè sòt mwen pou m antre
Nan gwosè pisin vid saa, m tap tou mouri nwaye wi !
M pa konn naje ! M pakonn naje ! Donk ou tou wè !
M pa ta ka antre nan yon pisin ki deja tou vid, vid !
E apre, sa k tap pase ? M tap tou mouri tou nwaye !

Pandan doktè Love ap ri, ri, Ti Wil di li :
A a, m konnen ou tap renmen ti blag sa a.
Ou wè sa ki rive yon lòt doktè parèy ou !
Bon, bon, kounye a, dòk, ou fin ri kont ou,
An nou fèmen chapit blag dèzyèm men an
Pou n louvri yon chapit ki chaje ak leson.

Dabò, men yon premye leson m tire
Konsènan sante psikolojik Pèp la:
Mizè fè Pèp la anvi pati,
Men,
Mizè pa fè tèt Pèp la pati.

M ap repete :
Mizè fè Pèp la anvi pati,
Men,
Mizè pa fè tèt Pèp la pati.
Lè pisin nan vid, a wi, li konnen.
Lè pisin monntana a chaje ak dlo,
Pèp la plonje ladann ak tout rad li
Pou chèche bilten vòt li pasifikman.

Malerezman, rad mouye sa a poko janm ka seche
Paske solèy espwa a pa leve pou Pèp Ayisyen an.
Dayè plis nèg engra kontinye chaje pisin espwa a
Ak klowòs trayizon, se plis dezespwa pra l devore
Tout ti branch fil pasyans ki koud rad mouye sa a.

Dezyèm leson !
Tout mouye se mouye men, tout mouye pa menm.
Rad Pèp la toujou mouye anba kout ponya trayizon,
Men rad poutchis yo toujou mouye ak siwo pouvwa a.

Ki yès ki moulen kann nan ? Viktim yo ak Inosan yo.
Ki yès kap bwè siwo a ? Bouwo yo ak tout asosye yo.
Ki yès ki moulen kann nan ? Pèp la. Toujou Pèp la.
Ki yès kap bwè siwo a ? Yo, toujou yo… sòf Pèp la.

Se pou sa menm ti branch fil pasyans ki koud rad mouye a
Menm gwosè ak yon fil arenye ou ak branch cheve yon Pèp
Ki refize kontinye bay pouvwa san patisipe nan pouvwa a.

Twazyèm leson !

A ! A ! Sèt fwa si, Ti Wil pap gen tan pataje
Yon lòt leson moral, psikolojik ou filozofik
Paske gen yon moun k ap frape nan pòt la!

Sipriz ! Bèl sipriz ! Mis Dada k ap frape nan pòt la !
San tade yon segonn, dòk la ouvri pòt la pou mis Dada.
Ki yès ki kanpe byen bwòdè bò kote mis la ? Devine ?
Bènadèt ki te gen tan leve, benyen, penyen, poudre, abiye.

Se pa ti kontan 3 sè ak frè sa yo te kontan retwouve yo
Tèt kole, kè louvri, youn nan bra lòt, youn plòtonnen ak lòt.
Dòktè Love avèk mis Dada kontan admire bèl tablo sa a !

Ak anpil limyè sou vizaj li, Jina remèsye dòk la ak mis Dada,
E touswit, li envite Bènadèt di de ti mo rekonans anvan yale.

Yo tou lè 3 te kanpe tou pre pòt la.
Mis Dada pwoche ak yon chèz,
Li pase men nan kou Bènadèt,
Li di : Fè yon ti chita, pitit mwen !

E, Bènadèt reponn : Mèsi mis Dada !
Avèk anpil konsantrasyon nan lespri l,
Li branche antèn li sou Tousen Louvèti.
Konsa, Bènadèt chaje batri sèvo l, e l di :

M tèlman kontan, m pa konn kijan pou m
Remsye ni Doktè Love, ni ou Mis Dada,
Jina, Ti Wil, anfen tout moun ki te ede m
Travèse moman difisil sa a, nan lopital la.

Talè a, lè Mis Dada t ap eksplike m
Kijan m antre nan lopital la, a ki lè,
Ki sa k te pase, kijan m te fatige,
M santi se yon bon bon manman
Ki t ap dyaloge epi koze ak pitit fi l.

M di w mèsi anpil, anpil, mis Dada.
Bon Dye va renmèt ou sa pou nou.

Pandan m ap lonmen non Bon Dye la,
M sonje yon bon ti rèv m te fè talè a.
M reve m tap lapriyè pou Lovenski epi,
M wè li vi n wè m lopital la ak Ti Wil.

Kou m reveye, mwen wè rèv sa a
Gen moso ki vrè, gen moso ki fo.
Sa vle di, se vre se lopital m ye la a,
Men se fo, Lovenski poko retounen.

Antouka, m swete menm jan
Nou tout kanpe avè m jodia,
N ap toujou ka fè solidarite
Pou n rive jwenn Lovenski.

Mwen sèten tou Jeni nou an, Tousen Louvèti,
Ap ba nou limyè, entèlijans ak anpil kouraj
Pou n rive fè solidarite ak tout lòt viktim yo,
Tout viktim san distenksyon, tout viktim ki nan
Tout seksyon kominal kòm nan tout katye popilè
Okap, Okay, Jeremi, Pòdepè, Fò Libète, Gonayiv,
Ench, Jakmèl, Miragwan, Sen Mak, Tigwav,
Site Solèy, Lasalin, Bèlè, Solino, Matisan,
Gran Ravin, Kafou, Taba, Laplenn, Delma,
Petyonvil, Kenskòf, kòm nan Pòtoprens
Enfen, tout viktim bò isit kòm lòt bò dlo.

Depi Tousen Louvèti te jèn ti gason,
Jis li viktim konplo trayizon 1802 a,
Li te toujou ap goumen pou defann
Libète tout moun… Nwa kòm Blan.

Gwo risk Tousen Louvèti te pran
Pou Bayon de Libertat montre klè
Li pat mele ni ak trèt, ni ak engra.
Nou menm tou, elèv lise Tousen,
Nou vle swiv bèl egzanp Jeni an.

Depi n tande moun ki engra kontinye di :
‘‘La reconnaissance est une lâcheté ;’’
Nou menm, elèv lise Tousen, nap reponn :
La reconnaissance est la mémoire du cœur.

Se fòs edikasyon sa a menm ki fè chak 15 Jiyè,
Nou bat tanbou rekonesans la byen byen fò
Pou l rezonnen ni nan zòrèy Manman Lafrik,
Ni nan zòrèy lòt Gran Frè ki nan peyi Zansèt yo.

Nou wè kiyès m vle di wi.. Li menm !
Kiyès ankò ? Li menm ak Minouch…
M sèten si yo te isit, yo tap avè n la a.

An natandan nou wè yo fasafas isit sou tè d Ayiti,
N ap debouche menm pafen rekonans ak renmen
Gran Frè a abitye debouche nan chak finisman ane
Pou anbrase n fràtènèlman e swete nou Bòn Ane !

Mwaka Mpya, dòk!
Sa vle di nan lang Swahili :
Bòn Ane, dòk!

Mwaka Mpya, Mis Dada !
Bòn Ane, mis Dada !
Ninakupenda, Mis Dada.
Sa vle di :
M renmen w, Mis Dada.

Ninakupenda, Jina.
M renmen w, Jina.
Ninakupenda, Ti Wil.
M renmen w, Ti Wil.

Ninakupenda sana, Ayiti !
M renmen w anpil, Ayiti !
Ninakupenda sana !
M damou nèt pou ou !

Ou ban m lavi, m ba w lavi m
Pou move lavi pa fè moun di :
Ou se yon manman ki genyen
2 tete: youn dous, youn anmè.

Ninakupenda sana.

M damou nèt pou ou.

Mèm Amou.

Mèm Amou.

Mèm Amou.

Pretoria, Desanm 2007


**********************************************

“Be true to the highest within your soul and then allow yourself to be governed by no customs or conventionalities or arbitrary man-made rules that are not founded on principle.”
Ralph Waldo Trine

**********************************************

 

 

 
 






 

Boycott Disney and the ABC Network
(Support HLLN's Campaign 5)

(in 1990)"...Haitians, through the ballot box, rebelled against their neocolonial status. They rebelled against a racist world economy that locked them into the role of producers instead of consumers. Under Aristide, they wanted to complete what they began in 1803 – joining the world community as equals. If Haiti, as the hemisphere’s poorest nation, was successful in escaping from their international debt and seizing control of their own destiny, it could prove to be as devastating to the global sweatshop economy as Haiti’s first revolution was to the slave trade.......

"...the new (US-imposed Miami) government also, as one of its first acts in office, cut Haiti’s minimum wage by 50%, from about $3.60 for a 12 hour day, down to $1.60. This is a big perk for Haitian-American Andre Apaid, owner of numerous Haitian garment manufacturing plants making cheap wares for American companies such as Disney, owner of the ABC network. ABC joined the US corporate media in selling this American citizen as a legitimate leader of Haiti’s “civil resistance” to the popular Aristide Government. "Our nasty little racist war in Haiti by Michaeli, NimN, June 7, 2004 | Source: http://coldtype.net/Grip.04.html
(Scroll down to 7 June 2004)

 
 
Dessalines Is Rising!!
Ayisyen: You Are Not Alone!


"When you make a choice, you mobilize vast human energies and resources which otherwise go untapped...........If you limit your choices only to what seems possible or reasonable, you disconnect yourself from what you truly want and all that is left is a compromise." Robert Fritz

 

The Haitian Lawyers Leadership Network's Appeal for international support on the People of Haiti's right to
self-respect, self-determination and self-defense

We Haitian democracy activists have taken on ourselves a great task. The Haitian people have been robbed again, not only of the wealth of our country, and not only of the lives and livelihoods of our countrymen, but of our sense of self-determination.

The very essence of being Haitian is the connection to those freedom fighters of the revolution who would not lie down and obey the men who claimed to be their masters. Today, Haiti is being ruled by a regime that was selected by foreign powers. The legitimate officials are in exile, in hiding, or in captivity.

All around, voices are telling us to suffer this indignity, to give up on our quest for self-governance, that somehow we are unfit to choose our own leaders or our own style of governance.

We utterly reject this pattern of thought. It is the mental slavery from which Bob Marley calls us to emancipate ourselves. For the average Haitian "This Song of Freedom" is truly all we have ever had. And now they want to take that too.

It is with this sense of insistence and urgency that we set forth our grievances and define our terms for reconciliation in the Haitian Lawyers Leadership Haiti Resolution. We ask that all Haitian democracy activists circulate this resolution, and address the issues and demands of the resolution to their own governments, and to the United Nations, which has the responsibility for protecting the right of self-determination. But most of all, we ask all solidarity groups who wish to sincerely help Haitians, to not just send their appeals to the UN, the US-installed government, the coup d'etat governments or Haiti Democracy Project's Timothy M. Carney. You're better off telling your next door neighbor about what they are not seeing on the conventional media about Haiti then simply telling the UN, US, Candadian officials (et al) what they already know and wish to hide behind the headlines. Kindly send appeals and background info to the MEDIA. Flood the U.S. local, national and international media with your concerns about the abuse, occupation, genocide and re-enslavement of the people of Haiti.
http://www.margueritelaurent.com/contactinformation/local-national-media.html

Remember letters of appeals to the media is a start, but political action, economic boycott and systemic and consistent public censure/exposure are essentially what pro-democracy Haitians are asking from solidarity groups. Please also do this by supporting our 7 Men Anpil Chay Pa Lou campaigns and boycotts.

The Haitian Lawyers Leadership Haiti Resolution:

1. Demand the return of constitutional rule to Haiti by restoring all
elected officials of all parties to their offices throughout the
country until the end of their mandates and another election is held, as
mandated by Haiti's Constitution;

2. Condemn the killings, illegal imprisonment and confiscation of the
property of supporters of Haiti's constitutional government and insist
that Haiti's illegitimate "interim government" immediately cease its
persecution and put a stop to persecution by the thugs and murderers from sectors in their police force, from the paramilitaries, gangs and former soldiers;

3. Insist on the immediate release of all political prisoners in
Haitian jails, including Prime Minister Yvon Neptune, Interior Minister Privert
and other constitutional government officials and folksinger-activist Sò
Anne;

4. Insist on the disarmament of the thugs, death squad leaders and
convicted human rights violators and their prosecution for all crimes committed during the attack on Haiti's elected government and support the rebuilding of Haiti's police force, ensuring that it excludes anyone who helped to overthrow the democratically elected government or who participated in other human rights violations;

5. Stop the indefinite detention and automatic repatriation of Haitian
refugees and immediately grant Temporary Protected Status to all
Haitian refugees presently in the United States until democracy is restored to Haiti; and

6. Support the calls by the OAS, CARICOM and the African Union for an
investigation into the circumstances of President Aristide's removal.
Support the enactment of Congresswoman Barbara Lee's T.R.U.T.H Act
which calls for U.S. Congressional investigation of the forcible removal of
the democratically elected President and government of Haiti.


****************

 
Dessalines Is Rising!!
Ayisyen: You Are Not Alone!


 

 

 

 
 
campaigns_button
different_button
HLLN's controvesy
with Marine
Spokesman
,
US occupiers
Lt. Col. Dave Lapan faces off with the Network
International
Solidarity Day Pictures & Articles
May 18, 2005
Pictures and Articles Witness Project
_____________
Drèd Wilme, A Hero for the 21st Century

______________

Pèralte Speaks!

_______________
Yvon Neptune's
Letter From Jail
Pacot
-
April 20, 2005

(Kreyol & English)
_______________
Click photo for larger image
Emmanuel "Dread" Wilme - on "Wanted poster" of suspects wanted by the Haitian police.
_______________
Emmanuel "Dread" Wilme speaks:
Radio Lakou New York, April 4, 2005 interview with Emmanuel "Dread" Wilme
_______________

_______________
The
Crucifiction of
Emmanuel "Dread" Wilme,
a historical
perspective

_______________
Urgent Action:
Demand a Stop
to the Killings
in Cite Soleil

*
Sample letters &
Contact info

_______________
_______________
Denounce Canada's role in Haiti: Canadian officials Contact Infomation
_______________

Urge the Caribbean Community to stand firm in not recognizing the illegal Latortue regime:

Selected CARICOM Contacts
Key
CARICOM
Email
Addresses
zilibutton Slide Show at the July 27, 2004 Haiti Forum Press Conference during the DNC in Boston honoring those who stand firm for Haiti and democracy; those who tell the truth about Haiti; Presenting the Haiti Resolution, and; remembering Haiti's revolutionary legacy in 2004 and all those who have lost life or liberty fighting against the Feb. 29, 2004 Coup d'etat and its consequences
     
 
BACK
Ezilidanto Writings| Performances | Bio | Workshops | Contact Us | Guests | Law | Merchandise
2003 Marguerite Laurent